Latibonit : Lapolis Anonse yo Repran Kontwòl Komin Lyankou

Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti (DGPNH), atravè Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik (CPRP), anonse Lapolis repran kontwòl Komin Lyankou, nan Awondisman Senmak, apre plizyè jou operasyon entansif kont bandi ki t ap simen laterè nan zòn nan, espesyalman sa yo ki soti Savyen.
Operasyon sa a te dirije pa Komisè Jude Chéry, ak sipò plizyè inite espesyalize PNH la, avèk objektif pou retabli lòd, sekirite ak konfyans nan mitan popilasyon an.
Nan kad estrateji pou ranfòse prezans Lapolis nan rejyon an, Komisè Divizyonè Jean Frenel Beauvoir nonmen kòm nouvo Direktè Depatmantal Lwès Latibonit (DDA) sou enstriksyon DG PNH la, Rameau Normil. Li ranplase Komisè Divizyonè Caleb Exantus, ki t ap jere pòs la jiska dènyèman.
Seksyon Odyovizyèl CPRP anonse byento li pral mete disponib yon repòtaj vizyèl sou seri operasyon sa yo, pou enfòme piblik la sou avansman aksyon Lapolis nan Latibonit.
Junior RACINE
VWA AYITI