Etazini

Prizonye nan Florida kontinye grèv grangou pou denonse move kondisyon detansyon

By admin August 10, 2025 1 min read
Prizonye nan Florida kontinye grèv grangou pou denonse move kondisyon detansyon

Depi anviwon (10) jou prizonye nan yon sant detansyon nan Eta Florid mete tèt ansanm pou tanmen yon grèv grangou pou denonse move kondisyon detansyon yo, yo konsidere kòm malouk ak danjere.

Pami prizonye yo, Pedro Hernández, ki deja te oblije al lopital akoz konsekans grèv la sou sante li, kontinye refize manje kòm siy detèminasyon. Grèv la ap dewoule nan yon etablisman ki gen kapasite pou kenbe plis pase 3,000 moun.

Anplis mouvman prizonye yo, plizyè gwoup k ap defann dwa sivil ak òganizasyon anviwònman mete tèt ansanm pou lanse yon aksyon legal kont otorite yo nan Florid. Yo denonse, pa sèlman move tretman prizonye yo, men tou, yo soulve tou kesyon sou enpak sant lan sou rezidan yo ak anviwònman an.

Sitiyasyon an kontinye soulve kè sote sou jan sistèm detansyon yo ap fonksyone Etazini, espesyalman lè li rive sou dwa imanitè ak kondisyon minimòm moun ta dwe jwenn.
Sous: NBC News

Junior RACINE
VWA AYITI