Ayiti: IBC Airways Lanse Premye vòl kago li nan vil Okay

Avyon kago konpayi IBC Airways fè premye aterisaj li sou ayewopò Antoine Simon nan vil Okay, mèkredi 14 out 2025, nan kad lansman ofisyèl sèvis kago ant Etazini ak Sid peyi Ayiti.
Vòl sa a make yon nouvo etap nan dinamizasyon aktivite ekonomik nan rejyon Sid la. Konpayi an di li vle fasilite echanj komèsyal, transpò materyèl, medikaman, ak lòt kago esansyèl pou biznis lokal yo ak dyaspora a.
Plizyè otorite lokal, antreprenè ak responsab ayopò a te prezan pou salye inisyativ la. Yo swete inisyativ sa va ede relanse devlopman ekonomik zòn nan, ki sibi gwo frap apre tranbleman tè 2021 an ak kriz ensekirite ki afekte rezo transpò tè.
Selon reprezantan IBC Airways, vòl kago yo ap fèt sou baz regilye epi disponib pou envitasyon patnè lojistik, ONG ak sektè prive.
Inisyativ sa montre enpòtans pou gen koneksyon ayeryen dirèk ant vil Okay ak lòt pati nan mond lan, espesyalman pou sekte k ap chèche solisyon transpò rapid e efikas.
Junior RACINE
VWA AYITI