Videyo

Gouvènman ayisyen an asosye l ak Vectus Global pou kwape gang yo epi reprann kontwòl zòn yo okipe

By admin August 16, 2025 2 min read
Gouvènman ayisyen an asosye l ak Vectus Global pou kwape gang yo epi reprann kontwòl zòn yo okipe

Nan yon entèvyou eksklizif ak ajans Reuters, Erik Prince, responsab konpayi sekirite Vectus Global, konfime li siyen yon akò ak gouvènman Ayisyen an pou patisipe nan batay kont gang ayo an Ayiti.

Prince fè konnen li siyen yon akò ki dire 10 lane ak leta Ayisyen, pa sèlman pou konbat gang yo, men tou pou mete sou pye yon sistèm koleksyon taks, espesyalman sou machandiz k ap antre soti nan Repiblik Dominikèn.

Antrepreneur a di li prevwa pran kontwòl sou wout prensipal yo ak zòn gang yo okipe yo nan anviwon yon ane. Daprè Prince, objektif prensipal la se reprann kontwòl wout estratejik ak zòn gang yo okipe.

Vectus Global, ki deja kòmanse deplwaman li an Ayiti depi mwa mas 2025, ap aji an kolaborasyon ak yon gwoup travay Premye Minis lan mete sou pye. Konpayi an deja deplwaye plizyè inite epi prevwa voye plizyè santèn operatè ki soti Ozetazini, Ewòp ak El Salvador. Ekip sa yo gen fòmasyon nan ransèyman ak kominikasyon, epi yo pral itilize elikoptè ak bato pandan operasyon yo.

Prince presize tou, si sekirite vin pi estab, Vectus Global ka mete sou pye yon sistèm taksasyon pou kontwole machandiz k ap antre nan peyi a atravè fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Kontra sa soulve kesyon sou transparans ak souverènte peyi a, pandan kominote entènasyonal la ap prepare pou lanse yon lòt misyon sekirite pou ede Lapolis Ayisyen an reprann kontwòl sou sitiyasyon an.