Rousta Louis, ki te fè tèt li pase pou yon enspektè lapolis, mouri nan prizon
By admin
•
August 16, 2025
•
1 min read
Rousta Louis, yon fanm ki te abitye prezante tèt li kòm polisyèz, enspektè divizyonè, mouri, ayè vandredi 15 dawout la, nan prizon Delmas 33, selon enfòmasyon ki vin jwenn sal nouvèl vwa Ayiti.
Lapolis te met men nan kòlèt Rousta Louis poutèt li te pran abitid fè moun kwè li se manm fòs Lapolis san li pat janm genyen okenn estati ofisyèl.
Jiskaprezan, kondisyon lanmò akize a poko klè. Gen apèl k ap fèt pou otorite yo mennen ankèt sou sikonstans lanmò a, espesyalman konsènan tretman li te resevwa anndan prizon an.
Junior RACINE
VWA AYITI |