Trump ak Putin rankontre sou dosye lagè Larisi/Ikrèn nan
By admin
•
August 19, 2025
•
1 min read

Vandredi 15 dawout 2025, yon rankont istorik fèt nan Anchorage, Alaska, kote Donald Trump, Prezidan Ameriken an, resevwane Vladimir Putin, Prezidan Larisi, pou diskite sou konfli Larisi ak Ikrèn nan.
Apre 2 chèf leta yo te rankontre sou yon baz militè ameriken, 2 lidè yo te monte menm machin pou ale kote reyinyon an ap fèt. Daprè CNN, diskisyon yo dire anpil, kote yo abòde plizyè sijè enpòtan, men prensipal la se gè Ikrèn nan.
Trump te deja fè konnen li swete rankont sa a mennen Putin sou tab negosyasyon, nan lide pou jwenn yon solisyon pou mete fen ak lagè a ki deja koze plizyè milye viktim e ki kontinye destabilize rejyon an.
Junior RACINE
VWA AYITI