Etazini

Etazini – Imigrasyon Chanjman nan règleman pou vin sitwayen ameriken

By admin August 21, 2025 2 min read
Etazini – Imigrasyon Chanjman nan règleman pou vin sitwayen ameriken
A woman holds the flag and her paperwork as the US Citizenship and Immigration Services welcomes 200 new citizens from 50 countries during a ceremony in honor of Independence Day at the New York Public Library on July 3, 2018 in New York. (Photo by Bryan R. Smith / AFP) (Photo credit should read BRYAN R. SMITH/AFP via Getty Images)

Vandredi 15 dawout 2025 lan, sèvis imigrasyon ameriken (USCIS) voye yon nòt bay ajan li yo kote li mete aksan sou bezwen pou egzaminen pi byen konduit ak karaktè moun ki aplike pou vin sitwayen ameriken.

Dapre sa nòt la di, aplikan yo dwe gen bon konduit moral, pa mele nan move zak, epi dwe an règ ak leta. Anpil ladan yo deja ekziste, men nouvèl administrasyon an di li vle fouye pi fon nan lavi aplikan yo avan yo akòde “citizenship”.

Egzanp sa yo site:

  • Si aplikan an dwe IRS, li dwe fin peye dèt la.
  • Li dwe peye pansyon alimantè pitit li jan lalwa mande.
  • Moun ki gen plizyè kontravansyon, ka pa pase kòm moun ki gen bon karaktè.

Pòt-pawòl USCIS la, Matthew Tragesser, deklare:

“Vini yon sitwayen ameriken, vle di ou se yon moun responsab nan sosyete a.”

Mezi a prevwa tou mete restriksyon sou moun ki:

  • Kondane pou krim vyolan
  • Kondane 2 fwa oubyen plis pou kondwi sou enfliyans
  • Fè konsomasyon dwòg

Plizyè avoka imigrasyon leve vwa kont desizyon sa yo. Yo panse se yon fason pou mete plis presyon sou aplikan yo e fè pwosesis la vin pi ensèten pou anpil fanmi imigran.

Junior RACINE
VWA AYITI